Listin Diario Logo
04 de febrero 2023, actualizado a las 01:34 p. m.
Login | Registrate
Suscribete al Listin Diario - News Letter
La República lunes, 28 de noviembre de 2022

Biznis viza dominiken an Ayiti rapòte anpil lajan

  • Biznis viza dominiken an Ayiti rapòte anpil lajan
Carolina Pichardo
Santo Domingo, Repiblik dominikèn

‘’Nou se jèn e nou pap travay. Se gwo sakrifis pou kapab rive jwenn lajan sa. Pa gen avni nan peyi sa. Kondisyon yo pa reyini pou moun viv. Fòk ou panse a kite peyi a’’, rakonte Marie Wildrène Bonhonne, ki te peye 350 dola ak yon ajans vwayaj nan mwa dawout 2021 pou l jwenn yon viza dominiken pou l ka rive kite Ayiti.

Aprè kèk mwa, yo remèt li yon paspò san viza ak 200 dola nan kòb li te peye an. Li pèdi rès lajan e li pa rive kite peyi an. Moun ki te dwe regle koze viza pou li ta sanble bloke Wanament, vil fwontalyè kote l te ale pou l ka jwenn viza pi fasil. ‘’Mwen konnen lòt moun ki nan menm sitiyasyon an. Moun ki pèdi lajan yo’’.

An Ayiti, genyen yon ‘’mache nwa ak sou kote’’ nan kesyon bay viza, ansyen minis ayisyen zafè etranjè an, Claude Joseph rekonèt sa, kote l chita nan salon lakay li nan Pòtoprens, yon vil tèt anba. Kèk moun, tankou Wildrène, pèdi lajan yo nan ajans vwayaj ak ajan ki pwopoze sèvis yo sou yon peryòd 1 mwa. Toutfwa, selon ministè dominiken zafè etranjè, demann viza se yon bagay pèsònèl e li dwe fèt nan konsila oubyen nan anbasad la. Si se pa konsa sa rive fèt, se ap yon pwosesis ki pa legal, daprè lalwa 875 sou zafè bay viza.

‘’Estrikti mache nwa sa lakoz popilasyon an pa gen aksè dirèk ak konsila. Sa vle di, si yon moun vin nan konsila avèk tout dokiman l epi lajan, li pap gen aksè epi yap di l pa genyen viza. Kidonk, yo oblije l pase nan yon ajans k ap travay avèk konsila, epi nan ajans sa moun nan pase a se li menm ki fikse pri an jan li vle’’, eksplike Joseph nan yon entèvyou ki fèt nan mwa sektanm nan kad envestigasyon Listin Diario ak CONNECTAS sa.

Soti 2020 pou rive 2021, gon ogmantasyon 40 % nan bay viza dominiken ak Ayisyen. Menm si l pa posib pou pwouve ogmantasyon an chita inikman sou ajans yo, men li reflete dezespwa ki anpare Ayisyen ki vle kout ke kout kite peyi, kote lane pase, Prezidan Jovenel Moise mouri sasinen, yon gwo goudougoudou pase epi 767 moun ale nan peyi san chapo anba grif Kovid-19 anplis de enpak lòt maladi.

Sòti 2015 pou rive premye semès 2022, 89 %  pami 818 885 viza misyon konsilè dominikèn yo bay, se Ayisyen ki resevwa yo, selon chif ministè zafè etranjè bay nan kad ankèt sa. Sèlman nan Pòtoprens, nan komin Petyonvil, 269 625 viza bay, kote pi fò nan yo, se viza dafè miltip (TM), ki reprezante 89 %. Tourism ale vini (TM) twouve l nan 2zyem pozisyon avèk 35 065, e nan 3zyèm pozisyon, nou jwenn, tourism senp (ST) avèk 12 213.

Pandan peryòd sa, misyon an Ayiti yo rapòte 64 212 645 sou 85 749 330 dola ki rantre. Sa ki reprezante 75% total lajan tout konsila dominiken yo resevwa nan touy mond lan.

Li pa fasil pou rive konnen konbyen chak viza koute ofisyèlman. Selon chif ofisyèl ministè zafè etranjè, gon diferans ant pri diferan viza dominiken yo. Rezolisyon kounya 2-07 ministè sila, fè konnen li ta dwe soti 40 pou rive 60 dola, selon tip lan. Men enfòmasyon menm enstans lan founi, aprè yon demand nan kad repòtaj sa, fè konnen, viza yo koute 70, 80, 85 e 90 dola, tou an fonksyon de kategori an. Sepandan, afich ki plase nan konsila dominiken an Ayiti yo ak piblikasyon ki fèt sou rezo sosyo yo fè kwè pri an varye soti 175 pou timoun pou rive 225 dola pou granmoun.

Varyasyon sa yo montre dezòganisasyon ki gen nan pri yo ki pa pèmèt nou jwenn avèk egzaktitid, montan lajan ki rive jwenn ajan konsilè yo an Ayiti pandan dènye lane sa yo. Pa egzanp, sou chak viza ki bay, konsila dwe konsève 10 dola pou depans administrativ ak operasyonèl yo. E ministè zafè etranjè jwenn 20 dola, selon rezolizyon kounya. Men, nou pa konnen destinasyon ak itilizasyon ki fèt de rès lajan. Oubyen aspè sa pa jwenn bon jan limyè malgre plis pase 132 imel nou voye e 22 demann ki fèt nan ministè zafè etranjè nan kad ankèt Listin Diario te pibliye, 18 avril ane sa.

Nan kontèks sa, lejislatè pwovens fwontalyè Elias Piña, Yvan Lorenzo, te pwopoze an 2021 yon pwojè lwa sou fonksyon konsilè nan lide pou mete nan menm nivo tarif yo e pou lajan ki soti nan sèvis lan depoze sou yon kont inik Trezò piblik lan. Plizyè aspè règleman ki gen kounya pa manyen. Palman pa ko pran an kont inisyativ sila.

Nan mwa oktòb 2020, Enrique García, direktè jeneral migrasyon nan epòk lan, te revele konsil dominiken an Ayiti yo te gon bèl komès nan koze bay viza. Sepandan, okenn swivi pat bay ak plent lan. Moun kite vin aprè l lan, direktè kounya, Venancio Alcántara, te refize abòde kesyon an.

Joshua, yon jounalis ayisyen, son lòt egzanp ki montre iregilarite sa. Li fè twa demann viza dominiken men li pa janm rantre menm yon fwa nan biwo konsila. Opsyon yo ba li, se ajans vwayaj yo oubyen yon patikilye.

Gouvènman dominiken an fè kek chanjman tout piti pou tante rezoud pwoblèm mache sou kote ki genyen nan viza. E depi lè l pran fonksyon nan mwa desanm 2021, konsil dominiken nan Wanament, Margarito de León, di l elimine sa l rele ‘’kolaboratè konsila’’ paske ajan yo t ap fon ‘’biznis sou kote’’.

‘’Nou dekouvri te gen anpil moun, yon kantite ki pa rive konte, ki se te moun ki gon kontwòl total kapital aksè ak konsila. Konsila te gen anpil anpil moun. Li tankou yon espas ki asyeje ak moun. (...) Moun pat ka rantre pou vin mande viza. Gwoup sa te gon kontwòl sa depi deyò. Yo te menm konn entimide nenpòt sitwayen pou yo pa rive rantre nan konsila’’, De León fè konnen.

De León te direktè annaprè nasyonal ankèt Repiblik dominikèn nan moman eskandal prezime vann viza te eklate, sa ki te mennen ak revokasyon konsil Wanament ki te la avan, Jose Altagracia Valenzuela Arias.

Viza san vizaj : ‘’sèl kòk chante’’

Ajans vwayaj yo, swa reyèl oubyen ki gen adrès ki pa egziste, vin pi plis. Yon lòt pa, pri pou w jwenn viza nan ajans yo, ogmante chak ane. Nan ane 2021, an mwayèn ou te bezwen 400 dola. Jodi an, li anviwon 600 dola.

Ogmantasyon valè viza sou mache nwa lye ak ‘’mekanism entèmedyasyon ki sèvi pou manipile e fè kou mal taye, kote konsila di li pa gen viza, men moun yo ka rive jwenn li nan ajans yo’’, senatè Yvan Lorenzo eksplike. Ansyen minis zafè etranjè Claude Joseph dakò ak sa. Sa vle di, gon demann viza ki gon ensidans sou ogmantasyon pri an.

Anabelle se pwopriyetè yon ajans vwayaj nan lakou Pòtoprens. Li fè konnen ajans yo pa bay viza, men pito yo pase pa diferan chimen epi moun, jiskan yo rive nan Konsila. Pakou an koumanse lè moun ki vin mande viza remèt ajan an, paspò ak lajan. Li di li kenbe 20 dola nan kòb ki bay lan. E li bay 20 dola ak yon moun ‘’de konfyans’’. E konsa, lajan pase pa 3 lòt men jiskaske li rive nan Konsila, kote selon sa li revele, yo ka pran jiska 400 dola.

Moun ki vin mande viza yo pa sòti sèlman an Ayiti. Kèk Ayisyen fè demand viza dominiken pou rive regilarize sitiyasyon yo. Se sa Marcos te fè. Nan lane 2007 li te rantre anba fil sou tèritwa dominiken. Kèk mwa pita, li bay yon boukonn (moun ki bay viza dominiken) ki fè ale vini chak semèn nan vil Beladè an Ayiti, 300 dola pou jere koze viza pou li. Nan yon mwa, viza biznis li te gentan nan men l nan Santo Domengo.

Menm si ajans lan pwomèt pou bay sèvis lan, nan yon delè, Anabelle fè konprann lòske viza fini nan konsila, li kapab pwolonje. Se menm bagay lan, ajans Haideal Travel Agency fè konnen, yon lòt ajans nous konsilte ki admèt nan lane 2020 nan sa ki gen awè ak reta, ‘’konsil lan pat tounen ak nouvo viza pou enprime, paspò yo te deja andan konsila’’.

Nan mitan ane an, ministè zafè etranjè te konfime nan yon dokiman li voye bay jounal la, pa gon kantite oubyen kota espesifik viza pou chak misyon konsilè. Tout bagay ta depann de kantite demand viza yo resevwa. Repons ministè zafè etranjè aprè yon nouvo demann enfòmasyon sou demann viza yo nan 7 dènye ane yo, fè konnen, yo te limite ak 726 300 viza yo bay.

Yon kout mal taye ki fèt an ba zye tout moun

Komès viza vin tèlman layite kò l, li fasil pou w jwenn ajans k ap fè piblisite pou sèvis yo nan lari Santo domengo. Five Stars Turismo gen biwo nan Pòtoprens, Santo Domengo ak Brezil. Achiv yo montre biwo prensipal li twouve l nan peyi ki nan Amerik di Sid la. Menm si l pa presize pri an sou sit entènèt li, li envite Ayisyen ki entèrese yo rele biwo Repiblik dominikèn nan, ki chita kò l nan Paraiso del Mar Plaza, sou otowout Las Americas, nan zòn lès Santo Domingo.

Youn nan anplwaye li yo admèt yo te gen viza dominiken e nan moman vizit lan, koumansman sektanm, yo te koute 600 dola. ‘’Sa varye (Pri an). Pafwa sa koute 300, 400, 500, e pafwa 600 dola. Men se pa ajans ki peye sa, se konsila paske .... Ou konnen, se konsa yo (konsila) ye. Yo toujou ogmante yon ti kras pri an’’, li eksplike.

Nan JR Plus (Entreprises Multiservices S.R.L), ki chita kò l nan yon lòt espas nan Las Americas, te genyen yon sèl anplwaye nan yon ti espas klimatize ak yon ti kras ekleraj, ki pa t vle ofri sèvis sa, menm si pano ki deyò biznis lan di yo ofri sèvis lan.

Ortiz y Peralta Tour, sou wout 19 Mars nan Santo Domingo, genyen tou yon afich ki anonse sèvis transpò ki ale e sòti Ayiti, men tou livrezon koli ak dokiman, e fè pwosedi pou pèmet moun jwenn viza dominiken.

Men se nan gwo vil an Ayiti yo, ou plis wè piblisite ki fèt pou demach sa yo. Se nan zòn Biwo Emigrasyon ak Imigrasyon nan Pòtoprens, ou jwenn plis biwo ajans vwayaj ki pwopoze sèvis viza dominiken ak planifikasyon vwayaj. Kote sa yo, yo pa itilize ekspresyon ‘’mande viza’’ men pito ‘’achte viza dominiken’’.

Tou prè biwo imigrasyon, ki twouve l a mwens yon kilomèt Palè nasyonal ayisyen an, rasanble anpil machann manje, taksi moto, e sitou, moun ki ofri sèvis viza. Genyen ki rete nan yon espas fizik ou ka wè, gen lòt se senpman moun ki kanpe nan yon kwen nan lari an, oubyen chita nan yon machin, oubyen moun ki itilize adrès ki pa egziste. ‘’Se viza dominiken an ki pi chè e pi difisil pou jwenn an Ayiti pou kounya’’, te fè konnen youn nan reskonsab ajans ki nan zòn sa nou te konsilte.

Pou Ayisyen yo, viza ameriken koute 120 dola ameriken, Shengen pou Inyon Ewopeyèn koute 80 ewo, viza britanik lan koute 119 dola epi pa Brezil lan, 80 dola.

Peye viza dominiken ak yon koutye viza, enplike non sèlman yon pri ki pi wo, men tou, ou riske pèdi lajan, jan sa te rive Marie Wildrène nan mwa me ane sa, ak frè Dayana Pierre ki te bay 400 dola ak yon anplwaye yon ajans vwayaj li te konn itilize nan lòt okazyon. Se jis an oktòb yo te finalman ba li paspò l, men san viza dominiken an epi san lajan.

Chache kou chen fou viza dominiken pouse anpil Ayisyen ki dezespere tonbe nan men ajans ak patikilye k ap distribiye fo viza. Yon lòt pwoblèm ki lye ak fèb règlemantasyon sektè an. Soti mwa fevriye pou rive mwa oktòb 2022, ajan migratwa dominiken detekte 162 fo viza nan pòs fwontalyè Elías Piña ak Dajabón, selon chif ofisyèl Direksyon Jeneral Migrasyon.

Margarito de León, konsil nan Wanament, konpare ajans yo ak ‘’tribitè’’ oubyen koutye an sèvis k ap trennen nan biwo piblik dominiken yo epi pwopoze akselere pwosesis bay dokiman ak moun ki mande sa. Li eksplike avan li rantre nan fonksyon li, ‘’te gen ajans ki pa reglemante’’ ki pran paspò Ayisyen ki dezespere, jete yo nan Rivyè Masak (ki make pwen fontalyè Ayiti ak Repiblik dominikèn) epi kenbe lajan nan men yo.

Konsil lan eksplike li pa gen pwoblèm pou l aksepte ajan k ap travay pou ajans Leta ayisyen rekonèt yo. ‘’Ap toujou gen moun ki pap ka vini (nan konsila) e si yo (ajans yo) legalman otorize pa Leta Ayisyen nou pa gen pwoblèm pou nou aksepte yo reprezante yon moun ou yon tyès pou rive jwenn renouvèlman viza’’, li te di nan entèvyou.

Nan 7 dènye ane yo, konsila Wanament lan bay 147 354 viza ak Ayisyen e te rantre plis pase 10 211 685 dola, selon ministè zafè etranjè.

Vann sou rezo sosyo yo

Rezo sosyo yo tounen espas kote moun sa yo jwenn posibilite devlope ajans vwayaj yo, paske son kote ki gen mwens kontwol pase antrepriz fizik yo.

‘’Pwofite espesyal, nou gen anpil viza dominiken’’, ‘’N ap ba w viza dominiken paske w mande l’’ e ‘’Menm si gen rate viza dominiken, nou fè tout sa k posib pou n satisfè kliyan nou yo’’. Se konsa biznis bab ak moustach viza ajans vwayaj yo fè anons yo sou rezo sosyo yo.

Li sifi pou w tape fraz ‘’Viza Dominiken’’, pou motè rechèch Facebook, Instagram, Twitter e menm TikTok pwopoze w anpil ak yon pakèt opsyon ki varye selon delè livrezon ak pri. Kèk se nan gwoup prive, e pou laplipa, sou pwofil piblik.

Lakoz feblès sistèm leta Ayisyen an, jwenn aksè ak platfòm verifikasyon anrejistreman komès yo son travay ki konplike. Sepandan, platfòm entènasyonal prezante chif ki endike kèk nan ajans sa yo anrejistre. 2 sa yo pi konnen yo se Haideal Travel Agency ak Five Stars Tourismo Travel Agency, ki gen ansanm plis pas 73 000 moun kap swiv yo sou Facebook. Premye ajans lan, kreye 18 desanm lane 2015, te seleksyone pami 5 pi bon konpayi touristik nan kapital ayisyèn nan, selon pòtay entènèt ki rele Tourhdq.

Yon lòt pami ajans ki pi aktif sou rezo sosyo yo, se ajans Ann Deal Travel Agency, ki nan dat 23 jen 2021, te pibliye sou Facebook yon videyo kote l montre kòman yon moun enprime yon viza sou yon papye tanpone ki sanble kou dlo kòk ak ministè zafè etranjè, retire yon otokolan epi mete l sou yon paj paspò. Li mete annaprè yon tanpon sou sinyati moun ki sanble konsil Kap Ayisyen an pòs lan, ajoute yon lòt moso papye plastik pou pwoteje viza e anfen, eskane dokiman sou platfòm nan.

Menm 2 mwa edmi aprè fèmti biwo konsila yo, akoz ogmantasyon vyolans ak kokennchenn kriz sosyal ak politik an Ayiti, ajans tankou Haideal kontinye fè piblisite pou viza dominiken sou rezo sosyo yo. ‘’Yo pèmèt nou jwenn 10 viza dominiken lè yo rekoumanse’’, li anonse sou Instagram, nan dat 26 oktòb pase an. Lòt foto k ap sikile sou rezo yo montre swazidan viza dominiken ki bay an oktòb e novanm, ki genyen tanpon migrasyon, menm si pa gen anyen ki di yo bon.

Mwen pase 1 % demand viza ki fèt Ayiti yo refize

Teorikman, respekte tout kondisyon yo mande w yo pa garanti w wap jwenn yon bon repons. Desizyon final lan nan men ministè zafè etranjè. ‘’Ajan konsilè an pa ka deside ba w ou non viza toutotan w pa depoze yon demann ofisyèl e san demann ou an pa evalye nan ministè Afè etranjè, Mme Mirex eksplike.

Menm si Ayisyen mande viza dominiken, nan itilize mwayen ofisyèl konsila men tou, nan pase sou kote avèk ajans yo, e pa prezante dokiman gouvènman mande yo, konsila yo refize sèlman 178 viza sou peryòd 7 an edmi. Chif sa reprezante 0,02 % kantite demann ki fèt yo. Chif sa yo pa ditou pwòch pa moun ki mande viza ki sòti Venezyela e Kiba, ki se youn aprè lòt 41 % ak 17 % demann viza ki pa jwenn rezilta pozitif, selon enfòmasyon ministè zafè etranjè founi nan kad travay sa.

Nan kèk ka, sanble son kesyon chans. Ana te mande yon viza dominiken 2 fwa nan konsila Pòtoprens, e a chak fwa, li pat gen pou l ranpli fòmilè oubyen bay dokiman. Ou ankò, Maria, ki te fè demach yo nan yon ajans Dajabón, yon pwovens fontalyè dominiken, nan lane 2006  ak 2013, li te bay sèlman lajan ak paspò l. Tou 2 moun yo te resevwa bon viza yo, san okenn gwo enkonvenyan.

Pratik anba tab sa yo pa fèt nan tout konsila yo. Pa egzanp, Alba Rodríguez peyi Lespay, Julien Bocquier nan peyi Lafrans, Francisco Ávila pou Venezyela, e Eyda Pantoja pou Kiba, tout te mande viza dominiken pandan yo nan peyi yo, e eksperyans yo te diferan de pa Ayisyen yo. Yo te swiv règleman Mirex yo epi demann yo te fèt jan lalwa mande sa. Yo te pran randevou pou viza, rantre nan konsila, remèt dokiman yo e tann tan ki nesesè pou jwenn viza. Yo pa fè fas ak okenn iregilarite nan pwosesis konsilè a.

Repiblik dominikèn genyen 47 konsila (5 ladan yo Ayiti) ak 30 seksyon konsilè nan menm kantite anbasad nan peyi etranje.

Nan dat 11 me, ministè zafè etranjè Repiblik dominikèn te anonse yon plan pilòt pou ekstènalize sèvis konsilè yo aprè yon ankèt jounalistik pibliye nan Listin Diario nan dat 18 avril, ki revele itilizasyon plizyè milyon dola vèt anba chal nan konsila yo an Ayiti. Plan sa ta dwe koumanse avan nan 6 vil sa yo : Boston nan peyi Etazini, nan vil Baselòn an Espay, ak Nan Karakas nan peyi Venezyela. L ap menm jan nan 3 anbasad : Peken (Chin), Santyago (Chili) epi Bwenozè (Ajantin). Ayiti pa nan lis plan preliminè pou amelyore sèvis sa.

Nan yon kominike pou laprès ki pibliye nan mwa me, minis dominiken zafè etranjè, Roberto Álvarez, te fè konnen ‘’nou rasanble eleman sifizan ki pèmèt nou idantifye feblès ki genyen nan pwosesis la jan l ye kounya. Lè an rive, poun akonpanye dyagnostik lan avèk solisyon modèn, efikas ak satisfezan, swivan enstriksyon prezidan Luis Abinader’’.

Listin Diario te mande nan telefòn, SMS, imel ak lèt sou papye ak ministè zafè etranjè yon entèvyou avèk aktyèl minis annaprè zafè konsilè a, Opinio Díaz, e ak konsil Ayiti yo pou klarifye kèk pwen nan ankèt sila, men nan moman poun te boukle bouk la, yo pa t ba nou okenn repons.

 

Pou repòtaj sa, nou te pale ak plizyè moun ki te achte oubyen vann viza dominiken nan ajans oubyen boukonn. Nou modifye non yo, sou demann yo, pou rezon sekirite.

Se Carolina Pichardo ki ekri repòtaj sa, avèk travay sou tèren an Ayiti, jounalis Milo Milfort, pou Listin Diario ak CONNECTAS. Ankèt sa rive fèt gras ak bourad ‘’Centre International des Journalistes (ICFJ)’’ nan kad inisyativ pou jounalis envestigasyon nan Amerik yo.

Tags

Más en La República